You are here : [Site Map] > Home > Jokes > Anpil akasan
Share some innovative ideas with your friends!

Jokes  |  Tags  |  Upload a joke


Search: In:



Title: Anpil akasan
Author: louis
Language: ht
Date uploaded: Wed, Apr 18, 2012 6:33 am
  Avatar

Gen yon mesye ki leve maten ki grangou anpil, l al achte akasan. Li te gen sèlman 5 goud. Li achte 5 goud akasan ak pen. Yo ba l yon gwo kwi akasan, ann di sa yo ba li a vo anviwon 25 goud!
Misye byen kontan, paske l te grangou. Lè m di w sa, misye tonbe bwè akasan...
Lè vant misye kòmanse byen plen, li pran souf...Mmmh...
Li di: "Ti cheri... kòman fè jodi a yo bay ANPIL akasan konsa?"
Tifi a reponn li: "Jodi a, nou bay anpil akasan paske... paske te gen yon rat ki tonbe nan akasan an maten an lè n t ap fè l la..."
Misye, byen an kòlè: "Kisa?!!!"
Misye leve kwi a wotè tèt li, li prafe l atè, li kraze l.
Tifi a di: "Oh, oh! Se pa mesye a kraze kwi grann mwen konn pipi a!"


Share/Bookmark

Related Joke:
Yo volè tant...
M konn sa w manje jodi a
Madan Lik
M pa konn naje
Dlo a frèt anpil!


Tags: tifi, kwi, grann, grangou, pen, goud

This joke has been viewed 12802 times.


Rating: 5.0/5 (1 vote cast)


 
Click here to 'Like' or share:
  • RSS
  • Twitter
  • Facebook
  • Digg
  • YouTube
  • Delicious